Dèfwa gen anpil moun ki panse w byen ki di a, misye pa gen pwoblem lap bien mennen poutan andan’w fini po’w ki rete. Pandan wap soufri chagrin ak douleur ap fini ave’w sousi lavi a manje tout vyann kò’w chagrin menm finn detwi tout moral ou. Sèvo w menm vinn paka kenbe ni panse ak anyen paske mize ak move pawol fanmi ak zanmi boule tout selil yo.
Anpil fwa ou konn anvi souri jis pou bliye sousi la vi men elas pwoblem yo telman gran ou vinn obligé ap panse gen de jou w konn anvi leve kouri rele anmwey telman sèvo w ap boule ak flam la mize
Si kek fwa w we lavi w kòm yon deze se trop move moun ou kite antre ladanl. moun sa yo se move plant yo ye depi move, soley lavi tonbe sou yo ya3p mouri paske yo paka sipote sekans sèk yo. Depi lapli kè kontan ak lajan pa tonbe sou yo, pou kenbe yo anvi yo déjà pedilavi w ka toujou yon deze “wi” siw pa chanje moun sa yo ki se move plant nan vi w ..
Fok n’ apran konnen bien ke move plant sa yo pa lot ke move fanmi, move zanmi kew genyen nan vi w depi moun sa yo nan vi w yo pa konpran ou. li pa ta renmen w progresse nan lavi w lise yon move plant..
Apran konnen move experience yo se serèch nan la vi w, move pawol yo se manchèt ak kouto digo pou koupe bon pye ak sakle bonplant ki pou fe la vi w bel. Men ou kite tout bagay sa yo dévaste tout bon pye ak bon plant yo. Pawol nan bouch ou dwè angrè pou la vi w swè nan fron w dwè dlo pou aroze suksè w Si non lap rete yon deze.
By Eliou4evere@
Pa trop alez kow !!! #SHARE
Mwen pa konnen si eske se mwen ki premier moun kap komante
Sa plis ke love paske parol yo gen fos epi yo ap fe moral ou grandi vit mwen renmen BonDye e mwen renmen tet mwen
LikeLike
Parol gen fos. Pa janm Give Up!
LikeLike