Yon ti mo, anpil fwa li konn dous se le mwen chita map pale avew pou map diw, tout sa ki soti nan fon kem. Ou se tout sa ki fém bien tout sa ki fém souri ki fém bliye tout probleme ak sousi mwen yo. Ou se sous bonè m fre ki fleri sou kem, ou se sel machin le m monte mwen pa anvi desan.
Parol dous tankou lem diw nou se 2 pijon nou se lanmè ak pwason nou se vag ak rivaj
Li konn anmè se le map diw ou se mache anba. Le map diw kew se fatra nan kwabosal, li konn pike tankou le map diw ou se dlo sal nan rigole ou se òfelin pòtay leogan , ou se rad sal kay moun fou.Parol fatal se le map diw ou se pitit 2 fanm fe, ou se mange kochon.
Yon ti mo li konn few bien se le map diw parol ki few souri Chak jou parol kife w santi w ou se tout sa yon rein pa ye. Se le map diw mwen vle w pou lespri m sa kom pat yè pouli.
Yon ti mo, se Chak fwa map diw yon ti parol ki ka fe g w koule dlo la rivye pa koule. Tankou le map diw ou se sel parol ki pap janm soti nan bouch mwen, ou se mange depi w dormi mwen paka pran sant ou. Ou se sel pafin depi m mete w tout chien ap estenen.
Yon ti mo, se lè m fin jape epi ou anbrase m. Yon ti mo, se lè m diw yon parol ki pa menm jan ak lot yo ou pa reponn. Yon ti mo.
Eliou4evere@
Pa trop alez kow
Le 27 Mars 2019
Texte saa gen fos pou ton râpè ak anpil sans pou moun kap li l mwen renmen l
LikeLike
Yon ti mo ka soulaje yon pèp kap soufri,yon senp ti mo,kapab chanje yon pakèt bagay,CALOL-G le sage
LikeLike
Fel bel ak parol konsa ou ka fel led ak parol
LikeLike